Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 3:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Bondye aji nan nou ak puisans. Lè nou mande Bondye yon bagay, li ka fè pi plis pase tout sa nou mande oubyen imajine.

参见章节 复制




Efezyen 3:20
32 交叉引用  

Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.


Souple, kite yon ti dlo ta pote pou lave pye nou, e repoze nou anba pyebwa a.


Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE


Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo.


Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?” Nonm Bondye a te di: “Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.”


Wa Salomon te bay a rèn Séba tout dezi li nan sa li te mande, plis ke sa li te pote bay wa a. Alò, li te vire retounen nan peyi li avèk sèvitè li yo.


Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a;


Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!


Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.


Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.


‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,


“Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen?


Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa.


Lè li te vin pre fòs kote Daniel la, li te kriye fò ak yon vwa byen twouble. Wa a te pale e te di a Daniel: “Daniel, sèvitè a Bondye vivan an, èske Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a te gen kapasite pou delivre ou de lyon yo?”


Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.


“Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi. “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.


Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo,


Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive.


Men jan sa ekri a: “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande, ki pa janm antre nan kè a lòm; tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”


Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.


Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a.


Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a.


Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.


Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a.


Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vreman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an.


Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.


Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?


Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.


Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa,


跟着我们:

广告


广告