Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 2:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Wi, Kris la te vini, li anonse bòn nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Jezikris te vini, li pote mesaj lapè a bay moun ki pa Jwif yo ki te lwen Bondye. Li pote mesaj lapè a tou bay Jwif yo ki te toupre Bondye.

参见章节 复制




Efezyen 2:17
22 交叉引用  

Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.


Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye, Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre. Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.


Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm. Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.


Oswa, kite li depann de fòs Mwen pou l ka fè lapè avè M. Kite li fè lapè avè M.”


A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la, ki anonse lapè, ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, ki anonse Sali, ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”


Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.


Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou.


“Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l?


“Glwa a Bondye nan pi wo a, e sou latè a, lapè pami lèzòm ki fè L kontan yo.”


Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.


Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”


Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè?


Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri.


Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.


si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus.


Paske ki gran nasyon ki genyen, avèk yon dye ki osi touprè li kòm SENYÈ a, Bondye nou an, nenpòt lè nou rele Li?


跟着我们:

广告


广告