Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 6:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sa k fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Paske Bondye te vle montre yon fason klè pa gen mank nan pwomès li te fè a, kon sa li te fè yon pwomès ak sèman.

参见章节 复制




Ebre 6:17
31 交叉引用  

Yo te di: “Nou wè byen klè ke SENYÈ a te avèk ou. Alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou,


SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”


Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan, e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.


Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou. Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.


yon sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman.


Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.


Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!


SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe!


ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”


se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye. Li p ap retounen kote Mwen vid, san ke li pa akonpli sa ke M dezire a, san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.


Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.


“Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt.


“Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi. “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.


Paske kado ak apèl Bondye pa revokab.


Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.


Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.


nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li,


Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.


Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la.


pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.


Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.


Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.


Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.


Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?


Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a


Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.


跟着我们:

广告


广告