Ebre 12:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 参见章节1998 Haïtienne27 Lè li di yon lòt fwa, li fè konprann lè sa a se tout bagay Bondye kreye yo ki pral tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil27 Mo “yon lòt fwa ankò” a montre aklè Bondye pral sekwe tout bagay ki nan kreyasyon an epi li pral disparèt tout sa ki pa dire yo. Se sèlman sa ki pa ka sekwe k ap rete. 参见章节 |