Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 11:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo.

参见章节 复制




Ebre 11:34
36 交叉引用  

Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe.


Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la.


Alò fis a pwofèt yo te di a Élisée: “Gade byen, plas devan ou kote nou rete a twò piti pou nou.


Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”


SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis.


Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, e nan lagè, devan pouvwa nepe a.


Nanm nou gen tan fin chape tankou yon zwazo ki sòti nan pèlen a moun k ap fè lachas yo. Pèlen an fin kase e nou chape.


Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a.


Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.


Ou te fè moun monte sou tèt nou. Nou te pase nan dife ak nan dlo, men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.


Lòt la te nonmen Eliézer, paske li te di: “Bondye a papa m nan te ed mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.”


Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.


Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.


Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.


Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou.


Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam.


Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.


Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi lan. David te sove ale e te pran flit menm nwit sa.


Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”


跟着我们:

广告


广告