Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ebre 11:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz te kouri kite Lejip san li pa te pè kòlè wa a. Li te fèm nan konviksyon li. Se tankou li te wè sa lòt moun pa te ka wè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Moyiz te gen lafwa nan Bondye. Li te kite peyi Lejip san l pa t pè reyaksyon kòlè wa a t ap genyen. Li te rete fèm kòm si l te ka wè Bondye okenn moun pa ka wè a.

参见章节 复制




Ebre 11:27
27 交叉引用  

Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.


“‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.


Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.


Alò, tout fis Israël yo te fè sa. Yo te fè sa jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an.


Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.


Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.


Men yo pa gen rasin fon nan yo menm. Yo la pou yon ti tan. Lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la, lapoula yo vin chite.


‘Paske David te di sou Li: ‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an; paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”.


Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.


pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.


Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an.


Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans


Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.


Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.


Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.


Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.


Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa


跟着我们:

广告


广告