Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 9:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “SENYÈ a te pale plis avè m e te di: ‘Mwen te wè pèp sa a, vrèman, li se yon pèp ki di.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Apre sa, Senyè a di m ankò: Mwen gade pèp la, mwen wè se yon pèp ki gen tèt di anpil.

参见章节 复制




Detewonòm 9:13
12 交叉引用  

SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a.


Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”


Sepandan, yo pa t koute, men yo te fè tèt di tankou zansèt pa yo, ki pa t kwè nan SENYÈ a, Bondye pa yo a.


“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale. O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou. Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.


Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo, sou kolin ak nan chan yo. Malè a ou menm, O Jérusalem! Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?” Pou konbyen de tan sa va dire?


Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.


Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay. Gen pwostitisyon nan Éphraïm. Israël souye pwòp tèt li.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e pa kite kè nou di ankò.


Paske mwen konnen rebelyon nou ak kou rèd nou. Gade byen, pandan mwen toujou vivan avèk nou jodi a, nou te fè rebelyon kont SENYÈ a. Konbyen anplis, konsa, apre mwen fin mouri?


“Pou sa, byen konnen ke se pa akoz ladwati nou ke SENYÈ a ap bannou bon peyi sa a pou posede, paske nou se yon pèp tèt di.


跟着我们:

广告


广告