Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 8:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Se li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo sòti nan gwo wòch di a pou nou.

参见章节 复制




Detewonòm 8:15
16 交叉引用  

Li te ouvri wòch la e dlo te sòti ladann. Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.


Ki te fè wòch la devni yon ma dlo, wòch silèks la yon sous k ap koule.


a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.


Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.


Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf; koulye a, li va pete vin parèt. Èske nou p ap rekonèt li? Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, ak rivyè yo nan dezè a.


Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’


Mwen te pran swen ou nan dezè a, nan peyi sechrès la.


Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.


SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e anpil nan pèp Israël la te mouri.


Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.


“Konsa, nou te pati Horeb pou te pase nan tout gran dezè tèrib sila a ke nou te wè nan wout la pou rive nan peyi mòn a Amoreyen yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an; epi nou te vini Kadès Barnéa.


Li te fè li monte sou wo plas tè yo. Yo te manje pwodwi a chan yo. Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la, ak lwil nan wòch ki te di:


跟着我们:

广告


广告