Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 6:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 “Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Apre sa, Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk kounyeya.

参见章节 复制




Detewonòm 6:24
20 交叉引用  

SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv. Li va rele beni sou latè a. Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.


SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan. Nan maladi li, li va restore li a lasante.


ki kenbe nou pami vivan yo, e ki pa kite pye nou glise.


Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini pou pase nou a leprèv, e pou lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.”


Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a se richès, bon repitasyon, ak lavi.


Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou; e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.


Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo, paske yo va manje fwi a zèv yo.


Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.


Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.


Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”


Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a.


“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.


Men nou menm ki te kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, nou vivan jodi a, nou chak.


pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje.


Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’


“Tout kòmandman ke Mwen ap kòmande nou jodi a, nou va fè atansyon pou fè yo, pou nou kapab viv, miltipliye, e antre ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo.


“Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告