Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 6:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 epi kay yo ki plen avèk bon bagay ke nou pa t ranpli, ak sitèn yo fouye ke nou pa t fouye, chan rezen ak chan doliv ke nou pa t plante, epi nou manje e satisfè;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pat fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pat plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou,

参见章节 复制




Detewonòm 6:11
14 交叉引用  

Yo te kaptire vil fòtifye yo, avèk tèren byen fètil yo. Yo te vin posede kay yo plen avèk tout bon bagay, sitèn ki fin fouye, chan rezen, chan oliv avèk pye fwi an kantite. Konsa, yo te manje, te vin plen, epi te vin gra, e te pran plezi nan gran bonte Ou.


Li te bay yo, anplis, peyi a nasyon yo, Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo,


Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.


Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.


“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo,


Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.


Mwen te bannou yon peyi pou sila nou pa t travay, vil ke nou pa t bati e nou te viv ladan yo. N ap manje nan chan rezen avèk chan doliv ke nou pa t plante.’


Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.


跟着我们:

广告


广告