Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 5:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.

参见章节 复制




Detewonòm 5:21
12 交叉引用  

Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.


“Si kè m te sedwi pa yon fanm, oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,


Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.


Pa dezire bote li nan kè ou, ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.


Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo, kay yo, e konsa yo pran yo. Yo oprimen yon nonm ak kay li, Yon nonm ak tout eritaj li.


“Malè a sila ki jwenn avantaj malonèt pou lakay li a, pou mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè!


Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”


Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li ranpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.”


Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”


跟着我们:

广告


广告