Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 4:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

33 Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l la, epi ki pa mouri apre sa?

参见章节 复制




Detewonòm 4:33
13 交叉引用  

Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la.


Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.


Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”


Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a.


“Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.


Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan.


Paske se kilès ki fèt avèk chè ki tande vwa a Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife a, tankou nou, e ki viv?


“SENYÈ a te pale fasafas avèk nou nan mòn nan soti nan mitan dife a,


SENYÈ a te ban mwen de tab wòch ki te ekri ak dwèt Bondye. Sou yo te tout pawòl ke SENYÈ a te pale avèk nou nan mòn nan, nan mitan dife a nan jou asanble a.


Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.”


跟着我们:

广告


广告