Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 33:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz. Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Se pou pòtay lavil li yo fèt ak fè ak asye, pou li ka toujou viv ak kè poze.

参见章节 复制




Detewonòm 33:25
18 交叉引用  

Pou Aser, manje li va rich, e li va pwodwi bagay ki delika e ki wayal.


Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”


Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.


Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo; Li te beni fis ou yo anndan w.


Li bay fòs a sila ki fatige yo, e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.


sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.


Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.


“Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit pote pi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li.


Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.


Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,


Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.


Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.”


yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladann l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.


Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.


ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,


Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti.


跟着我们:

广告


广告