Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 33:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Li di: — Senyè a sòti mòn Sinayi, li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi. L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an. Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès. Sou bò dwat li yon flanm dife.

参见章节 复制




Detewonòm 33:2
24 交叉引用  

Yo te leve soti Madian, pou rive Paran. Yo te pran mesye yo avèk yo soti Paran pou te rive an Égypte, kote Farawon, wa Égypte la. Farawon te bay yo yon kay e li te founi Hadad avèk manje e li te bay li tè.


Soti nan Sion, bèlte pafè a, Bondye fè limyè Li parèt.


Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye. Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.


Ou te monte an wo. Ou te mennen kaptif yo sòti. Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm, menm pami rebèl yo tou, pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.


“Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.


Mwen t ap gade vizyon yo nan panse m, sou kabann mwen an, epi vwala yon ki sen k ap veye te desann soti nan syèl la.


Bondye soti nan Théman; Sila ki Sen an soti nan Mòn Paran. Tan Bèlte Li kouvri syèl la, e tè a vin plen ak lwanj Li.


Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.


Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon òdonans pa zanj yo, te vyole li.”


Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese,


Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?


Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”


Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.


Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va esklav yo; li menm se Agar.


“Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.


epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo.


Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: “Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.”


Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis,


Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye yo a moun sen pa Li yo,


Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye,


跟着我们:

广告


广告