Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 32:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Anverite, Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di: Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 Men m'ap leve men m anlè, mwen fè sèman: Menm jan nou wè m vivan pou tout tan an,

参见章节 复制




Detewonòm 32:40
19 交叉引用  

Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a,


Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la.


SENYÈ a vivan! Beni, se wòch mwen an! Egzalte, se Bondye, wòch sali mwen an.


Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo, Bouch a sila ki pale desepsyon yo, e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.


bouch kap pale manti yo e men dwat a sila ki se men dwat a manti yo.


Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”


Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”


“Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nome ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.”


Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M te chwazi Israël la, e te sèmante a desandan a lakay Jacob yo, pou te revele Mwen menm a yo menm nan peyi Égypte la, lè M te sèmante a yo menm, e te di: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,’


nan jou sa a, Mwen te sèmante a yo menm pou mennen fè yo sòti nan peyi Égypte, pou antre nan yon peyi ke M te chwazi pou yo, ki koule lèt avèk siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo.


Konsa, lè M ap koupe retire nèt de nou, moun dwat yo ansanm ak mechan yo, nan menm fwa, nepe M va rale soti nan fouwo li, kont tout chè soti nan sid jis rive nan nò.


Konsa, tout chè va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te rale nepe Mwen sòti nan fouwo. Li p ap remete nan fouwo ankò.”’


Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.


men vrèman, jan Mwen viv la, tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a.


venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di:


Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an,


跟着我们:

广告


广告