Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 32:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a, e ki te bwè diven a bwason pa yo a? Kite yo vin bannou sekou! Kite yo fè kote pou nou kache!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 Se pa yo ki te konn manje grès bèt nou te konn ofri yo? Se pa yo ki te konn bwè diven nou te konn vide sou lotèl yo? Se pou yo vin kounyeya, se pou yo vin delivre nou! Se pou yo kouri vin pwoteje nou!

参见章节 复制




Detewonòm 32:38
12 交叉引用  

Èske m ta manje chè towo yo, oswa bwè san a mal kabrit yo?


“Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li.


Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo.


Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou ye, ki t ap di: ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’?


Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.


Paske li pa t konnen ke se te Mwen ki te bay li sereyal la, diven nèf ak lwil la, e ki te bay li anpil lò ak ajan ke yo te fè sèvi pou Baal yo.


Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri pen ki pou Bondye li a.


SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.


Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo.


Paske yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a.


Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”


跟着我们:

广告


广告