Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 32:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Paske SENYÈ a va jije pèp Li a. Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo, lè Li wè fòs yo fin disparèt, ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

36 Senyè a pral pran defans pèp li a, lè la wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l yo, lè la wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyo.

参见章节 复制




Detewonòm 32:36
24 交叉引用  

Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt.


Gade byen, Mwen va mennen mal sou ou, Mwen va bale fè ou disparèt e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib nan tout Israël.


Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël.


‘Paske tout lakay Achab va peri e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël.


Li te vin sonje akò Li pou koz yo menm, e te vin ralanti selon grandè lanmou dous Li a.


Paske SENYÈ a va jije pèp Li a, e va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.


Li rele tout syèl yo anwo, avèk latè pou jije pèp Li a:


Se SENYÈ a ki jije pèp yo. Fè m jistis O SENYÈ, selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.


Lache, O SENYÈ! Konbyen tan sa va ye? Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!


devan SENYÈ a, paske La p vini. Paske La p vini pou jije latè. Li va jije mond lan avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.


Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.


Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an.


Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.


Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a, pou L kite dèyè Li yon benediksyon, menm yon ofrann sereyal ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.


Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a, e Li te fè mizerikòd a pèp Li a.


Paske, peyi a va vin abandone pa yo. Konsa, li va rejwen Saba li yo pandan li rete kon dezè san yo menm nan. Antretan, yo menm va vin aksepte pinisyon pa yo paske yo te rejte òdonans Mwen yo, e nanm yo te rayi règleman Mwen yo.


SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.


SENYÈ a te repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.


Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.”


Lè SENYÈ a te kon fè leve yon jij pou yo, SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou yo a jij la. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo.


跟着我们:

广告


广告