Alò, se kisa nou va fè nan jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?
Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.
Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?
Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”
Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.
‘Byen konsidere sa, m ap priye nou. Soti nan jou sa a gade dèyè nèt, soti nan venn-katriyèm jou nan nevyèm mwa a; depi jou lè tanp SENYÈ a te fonde a, konsidere sa:
Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.”
O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan.