Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 32:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Men, mwen pa ta vle kite lènmi yo pran pye sou yo. Mwen pa ta renmen pou moun ki pa vle wè m yo mete nan tèt yo se yo menm ak fòs kouray yo ki fè sa, pou yo pa di: Senyè a pa gen anyen pou l wè nan sa.

参见章节 复制




Detewonòm 32:27
24 交叉引用  

Alò, yon nonm Bondye te vin toupre pou te pale a wa Israël la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz Siryen yo te di: “SENYÈ a se yon dye a mòn yo, men Li pa yon dye nan vale yo,” pou sa, mwen va bay tout vast kantite moun sa yo nan men ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an. Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan


Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.


Poukisa Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’” “Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la.


“Konsa ou va di a Ézéchias, wa a Juda a: ‘Pa kite Bondye ou a nan sila ou mete konfyans ou an pase ou anba rizib pou di ou: “Jérusalem p ap bay nan men wa Assyrie a.”


‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’”


Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.


Pou koz pa M, pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji; paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa? Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.


Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo,


Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”


Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”


Men moun ki fè yon bagay avèk rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a.


Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: ‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’


Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”


Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.


跟着我们:

广告


广告