Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 32:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Nou te neglije Wòch ki te fè nou an, e nou te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. Yo pa chonje Bondye ki te fè yo, Bondye ki te ba yo lavi a.

参见章节 复制




Detewonòm 32:18
19 交叉引用  

Yo te bliye Bondye, sovè yo a, ki te fè gwo bagay an Égypte yo,


SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.


Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.


Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo.


Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.


O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’


Èske vyèj la ka bliye dekorasyon li yo, oswa fi maryaj la, vètman li an? Sepandan, pèp Mwen an fin bliye Mwen pandan jou ki pa ka menm konte.


Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo.


Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.


Paske Israël te bliye Kreyatè li. Li te bati palè yo. Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; men Mwen va voye dife sou vil li yo, e konsa, li va devore gwo palè li yo.


Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.


Wòch la! Zèv Li yo pafè, paske tout chemen li yo jis. Yon Bondye fidèl e san enjistis, dwat e jis ke Li ye.


alò, veye nou menm, pou nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.


Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a.


alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.


Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri.


Men yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo.


跟着我们:

广告


广告