Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 32:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Tankou yon èg ki anvayi nich li, ki pann sou jenn pitit li yo, Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo. Li te pote yo anwo plim li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Tankou malfini k'ap moutre pitit li vole, Senyè a ap plannen anwo pitit li yo. Li louvri zèl li yo pou li ka pran swen yo, li pote yo sou do l pou yo pa tonbe.

参见章节 复制




Detewonòm 32:11
13 交叉引用  

Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.


Li te monte sou yon cheriben, e te vole; Li te vole sou zèl a van yo.


‘Nou menm, nou te wè sa ke Mwen te fè Ejipsyen yo, jan Mwen te pote nou sou zèl èg yo, e te mennen nou kote Mwen menm.


Tankou zwazo k ap vole, se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem. Li va pwoteje li e delivre li. Li va pase sou sa pou sove li.


sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.


Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li, e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou. Mwen te fè, e Mwen va pote. Mwen va pote, e Mwen va delivre.


Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.


Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’


Malgre sa, se te Mwen ki te montre Éphraïm jan pou l mache. Nan bra M, Mwen te pran yo; men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.


A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”


Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.


Men de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.


Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.


跟着我们:

广告


广告