Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 31:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Se SENYÈ a, Bondye nou menm nan, ki va travèse devan nou. Li va detwi nasyon sila yo devan nou e nou va deplase yo. Se Josué ki va travèse devan nou, jan SENYÈ a te pale a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Senyè a, Bondye nou an, se li menm ki pral pran devan nou. L'ap detwi tout nasyon sa yo devan je nou pou nou ka pran peyi yo pou nou: Se Jozye ki va mache devan nou, jan Senyè a te di l la.

参见章节 复制




Detewonòm 31:3
19 交叉引用  

Konsa, Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo.


“Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la.


SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou,


Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.”


Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”


SENYÈ a va fè yo menm jan ke Li te fè a Sihon avèk Og, wa a Amoreyen yo, e a peyi pa yo a, lè Li te detwi yo a.


Alò, Josué, fis a Nun nan, te ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo;


Pou sa, konnen ke jodi a, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki ap travèse devan nou tankou yon dife devoran. Li va detwi yo e Li va donte yo devan nou pou nou kapab chase yo sòti e detwi yo byen vit, jis jan ke SENYÈ a te pale nou an.


Paske si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.


“Moïse, sèvitè Mwen an, gen tan mouri. Pou sa, leve, travèse Jourdain sila a, ou menm avèk tout pèp sa a, nan peyi ke Mwen ap bay a yo menm, a fis Israël yo.


Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué, e konsa Josué te fè. Li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou.


Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo.


跟着我们:

广告


广告