Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 31:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè sa a, Senyè a di Moyiz konsa: — Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l nan Tant Randevou a pou m ka ba li lòd sa pou l fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.

参见章节 复制




Detewonòm 31:14
29 交叉引用  

Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a plase men ou anba fant janm mwen, e aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte,


Lè tan pou David mouri an t ap pwoche, li te bay lòd a Salomon. Li te di:


Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: ‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’” Konsa, Élie te pati.


Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”


Alò, te rive yon jou lè fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo.


Ankò, yon jou te rive lè fis a Bondye yo te vin prezante yo devan SENYÈ a, e Satan osi te vin prezante li menm devan SENYÈ a.


Konsa SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.


Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.


Alò, prepare ou pou maten an pou monte nan Mòn Sinaï, e prezante ou menm la devan Mwen, sou tèt mòn nan.


Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.


Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Monte nan mòn Abarim nan, pou wè peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo.


Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron.


Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li.


Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.


Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.”


Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’


Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”


Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a;


Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a.


Paske mwen va mouri nan peyi sila a. Mwen p ap travèse Jourdain an, men nou va travèse e pran posesyon a bon peyi sila a.


Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke.


Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye.


Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa,


Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”


Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa li va tonbe nan batay e peri.


跟着我们:

广告


广告