Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 29:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Pandan karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou kote pou nou pase nan dezè a. Rad sou nou pa te janm ize, sapat nan pye nou pa te janm fini.

参见章节 复制




Detewonòm 29:5
13 交叉引用  

Anverite, pandan karantan, Ou te fè pwovizyon pou yo nan dezè a, e yo pa t manke anyen. Rad yo pa t epwize, ni pye yo pa t anfle.


Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo, pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.


“‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.


Moïse te gen katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an.


Fis nou yo va vin bèje pandan karantan nan dezè a, e yo va soufri pou enfidelite nou yo jiskaske kadav nou kouche nan dezè a.


Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon ouvriye merite soutyen li.


Nan katriyèm ane a, nan premye jou nan onzyèm mwa a, Moïse te pale avèk fis Israël yo selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li anvè yo,


“Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa tap kenbe kòmandman Li yo.


“Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.


Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo.


Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.”


avèk sapat ki te epwize e ranje nan pye yo, rad epwize sou yo menm avèk sèlman pen sèk e menm kanni.


跟着我们:

广告


广告