Detewonòm 29:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen19 Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’ 参见章节1998 Haïtienne19 Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l: Kounyeya, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gendwa fè sa m pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab. 参见章节 |
“Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M.