Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:68 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

68 “SENYÈ a va mennen nou retounen an Égypte nan gwo bato, pa chemen ke m te pale nou an: ‘Nou p ap janm wè li ankò!’ Epi la, nou va ofri tèt nou menm pou vann a lènmi nou yo kòm esklav mal ak femèl, men p ap gen moun pou achte nou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

68 Senyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pèsonn p'ap vle achte nou.

参见章节 复制




Detewonòm 28:68
14 交叉引用  

Mwen te di yo: “Nou menm, selon kapasite nou, te rachte Jwif frè parèy nou yo ki te vann a lòt nasyon yo; alò koulye a, èske nou ta menm vann frè nou yo pou yo ta kab vin vann a nou menm?” Yo te rete an silans e pa t kab twouve yon pawòl pou pale.


Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”


Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”


“Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.


Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ e yo te rive jis Tachpnaès.


Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch.


Pou sakrifis ofrann Mwen yo, yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. Konsa, Li va sonje inikite yo, e pini peche yo. Yo va retounen an Egypte.


Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a, men Éphraïm va retounen an Égypte, e yo va manje sa ki pa pwòp an Assyrie.


“Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou;


Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.


Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’


“Nan maten, nou va di: ‘Pito lannwit te rive’, e nan aswè, nou va di: ‘Pito se te maten!’ akoz krent kè nou ki bannou laperèz e pou vizyon a zye nou ke yo va wè.


Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la.


跟着我们:

广告


广告