Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:65 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

65 Pami nasyon sila yo, nou p ap twouve repo, ni p ap gen plas repo pou pla pye nou. Men la, SENYÈ a va bannou kè sote, zye ki febli ak nanm ki pèdi espwa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

65 Antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon sa yo, nou p'ap janm gen kè poze, nou p'ap janm ka rete yon sèl kote. Senyè a va fè nou viv ak kè sote, nan lapenn ak dekourajman.

参见章节 复制




Detewonòm 28:65
21 交叉引用  

men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.


Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”


Leve ou menm! Leve ou menm! Kanpe, O Jérusalem! Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li. Gode ki pou fè ou kilbite a, ou fin bwè jis rive nan kras anba l.


“Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di: “pou mechan yo”.


Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.


Juda antre an egzil anba gwo opresyon; anba esklavaj byen di. Li demere pami nasyon yo; pou repo, nanpwen. Tout sila k ap pesekite l yo, fin sezi li nan mitan gwo twoub li.


Ou va bay yo yon kè ki di; madichon pa yo va sou yo.


Akoz sa, kè nou febli; akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.


anretou, men kisa Mwen va fè nou: Mwen va apwente sou nou sibitman yon gwo twoub, yon maladi epwizan avèk lafyèv ki va gate zye nou, e fè nanm nan chagren. Konsa, nou va simen grenn nou yo san reyisi, paske se lènmi nou yo ki va manje li.


“Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.


Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.


Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouiti la lantre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.


Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.


Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle.


Kite zye yo vin nwa pou yo pa wè ak do yo koube pou tout tan.”


“Konsa, lavi nou va pandye nan dout devan nou. Nou va gen gwo laperèz lannwit kon lajounen, ni nou p ap gen asirans lavi nou.


跟着我们:

广告


广告