Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:59 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

59 alò, SENYÈ a va mennen toumant ekstrawòdinè vin sou nou avèk desandan nou yo, menm gran toumant ki sevè e ki dire anpil, epidemi ki pa janm fini, e maladi ki rete mize.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

59 Senyè a va voye gwo malè sa yo sou nou ak sou pitit nou yo, l'a voye gwo epidemi ki pa tande rete, move maladi ki pa konn renmèd.

参见章节 复制




Detewonòm 28:59
16 交叉引用  

Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a? Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an, doulè ki te pase vin nan men m nan, avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.


Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”


Wa latè yo pa t kwè, ni okenn abitan nan mond lan, ke advèsè ak ènmi an ta ka antre nan pòtay Jérusalem nan.


Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan.


Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo.


Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Paske jou sa yo va yon tribilasyon ki pa janm konn fèt depi kòmansman kreyasyon an ke Bondye te fè, jouk rive koulye a e ki p ap janm fèt ankò.


“Madichon sa yo va devni yon sign ak yon mèvèy pou nou ak desandan nou yo jis pou tout tan.


“Konsa, si nou pa fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo ki ekri nan liv sila yo, avèk krent non sa a ki plen onè e ki mèvèye la, SENYÈ a, Bondye nou an,


Li va fè retounen sou nou tout maladi Égypte ke nou pè yo e yo va kole sou nou.


Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.


Mwen te prèt pou di: “M ap koupe yo an mòso, M ap rache memwa yo soti de lòm,


跟着我们:

广告


广告