Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:52 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

52 Yo va mete syèj sou nou nan tout vil nou yo jiskaske miray wo byen fòtifye nan sila nou te mete konfyans nou yo tonbe atravè peyi nou an. Yo va fè syèj sou nou nan vil nou yo nan tout peyi ke SENYÈ a te bannou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

52 Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.

参见章节 复制




Detewonòm 28:52
25 交叉引用  

Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo.


Konsa, nou te bouyi fis mwen an e manje li; epi mwen te di li sou jou ki vini an: ‘Ban m fis ou a pou nou kab manje li,’ men li te kache fis li a.”


Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife. Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou; se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.


SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li e pa men pwisan Li: “Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò kon manje pou lènmi ou yo; ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf pou sila ou te depanse fòs ou a.”


Leve pakèt ou atè a, nou menm ki anba syèj!


Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, M ap voye pèp peye sa a deyò nan moman sa a. Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”


Kaldeyen yo va retounen pou goumen kont vil sa a, e yo va pran l pou brile l ak dife.”’”


Senyè a te vale tout nèt. Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo. Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a. Li te bese yo nèt jis rive atè. Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.


Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.


Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.


“Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont Juda.


Paske Mwen va rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la.


Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.


Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri.


跟着我们:

广告


广告