Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:49 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

49 “SENYÈ a va mennen yon nasyon kont nou soti lwen nan dènye pwent latè, tankou èg desann; yon nasyon ak yon langaj nou p ap konprann,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

49 Senyè a pral mennen yon nasyon sòti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.

参见章节 复制




Detewonòm 28:49
26 交叉引用  

Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”


Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph lè li te ale toupatou nan peyi Égypte la. Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.


Vòl a yon èg nan syèl la, pa sèpan an sou wòch, chemen gwo bato a nan mitan lanmè, ak manèv a yon jennonm ak yon fi.


Ou p ap ankò wè yon pèp fewòs, yon pèp ak langaj dwòl ke ou pa konprann, a lang bege ke pèsòn pa konprann.


Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?” Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon peyi lwen, Babylone.”


Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo.


Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt!


Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, li va vole rapid tankou èg e lonje zèl li ouvri kont Moab.


Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg e lonje zèl li kont Botsra. Kè a moun pwisan yo va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.


Sila ki te kouri dèyè nou yo te pi vit pase èg k ap volè anlè. Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo. Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.


“Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e egzekite jijman kont nou.


“Di koulye a a kay rebèl la, ‘Èske ou pa konnen sa bagay sa yo vle di?’ Di yo: ‘Gade byen, wa Babylone nan te rive Jérusalem, te pran wa ak prens li yo e te mennen yo kote li Babylone.


Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon gwo èg ak gwo zèl, gwo zèl louvri ak anpil bèl plim de anpil koulè te vini Liban, e te rache pran tèt pye sèd la.


Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo.


“Premye a te tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.


Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.


Mete twonpèt la sou lèv ou yo! Yon bagay tankou malfini vini kont lakay SENYÈ a; akoz yo te transgrese akò Mwen an, e fè rebèl kont lalwa Mwen an.


Men gwo bato yo va sòti nan kòt Kittim. Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Éber. Men li menm tou va vin detwi.”


Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.


Nan Lalwa a, li ekri: “Pa lèzòm ak lang etranje yo, e pa bouch etranje yo mwen va pale a pèp sila a, e malgre sa, yo p ap koute Mwen,” di Senyè a.


跟着我们:

广告


广告