Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Senyè a va beni pitit nou yo, rekòt jaden nou yo, pòte bèf nou yo, pòte kabrit nou yo, pòte mouton nou yo ak pòte tout lòt bèt nou yo.

参见章节 复制




Detewonòm 28:4
16 交叉引用  

anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.


Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an.


Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.


Anplis, Li beni yo! Yo miltipliye anpil, e li pa kite bèt chan pa yo bese.


Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.


Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.


Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.


Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.


Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l; A la beni fis ki vini apre li yo beni!


“Konsa, Mwen va vire vè nou pou fè nou donnen anpil fwi. Mwen va miltipliye nou, e Mwen va asire akò Mwen avèk nou.


“SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.


“Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo.


Nou va beni nan vil, e beni andeyò.


Beni va panyen nou avèk veso k ap foule pat pen an.


Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou.


Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.


跟着我们:

广告


广告