Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 “SENYÈ a va mennen nou avèk wa ke nou mete sou nou yo, a yon nasyon ki ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, fèt ak bwa ak wòch.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

36 Senyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.

参见章节 复制




Detewonòm 28:36
31 交叉引用  

Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nébuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil.


Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.


Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.


Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem.


Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.


Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.


Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone.


‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’”


Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon peyi ke ou pa konnen; paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen ki va brile sou ou.”


Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’


Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li.


Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè.


Pòtay li yo te fonse antre nan tè, Li te detwi e kraze fè fòje a. Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo; lalwa, nanpwen ankò. Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.


Souf lè ki nan nen nou, nou menm ki onksyone de SENYÈ a, te vin kaptire nan twou fòs yo, de sila nou te konn di: “Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.


“Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e egzekite jijman kont nou.


“Pou nou menm, O lakay Israël,” deklare Senyè Bondye a: “Ale, nou chak sèvi zidòl pa nou; menm pi ta tou, si nou p ap koute M. Men nou p ap pwofane non sen M ankò ak ofrann ak zidòl nou yo.


“Anplis, SENYÈ a va fè nou gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen.


anplis, nou te wè abominasyon pa yo ak zidòl pa yo an bwa, wòch, ajan ak lò, ki te avèk yo);


SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo.


La, nou va sèvi dye yo, zèv men a lòm yo, bwa avèk wòch, ki pa wè ni tande, ni manje ni santi anyen.


Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”


跟着我们:

广告


广告