Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 SENYÈ a va frape nou sou jenou ak janm avèk abse ki fè mal, ki pa gen gerizon soti anba pye nou rive jis anwo tèt nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

35 Senyè a va ban nou yon sèl maleng nan jenou ak sou kwis janm nou ki p'ap janm geri. Bouton ap parèt sou tout kò nou, depi nan pye jouk nan tèt.

参见章节 复制




Detewonòm 28:35
8 交叉引用  

Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm.


Depi nan pla pye jis rive nan tèt, nanpwen anyen ak sante ladann, sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese. Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.


Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”


Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous, ap gen move odè pouriti; olye se sentiwon, ap gen yon kòd; olye se cheve swa byen ranje, ap gen yon tèt chòv; olye se bèl vètman, ya mete twal sak; epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.


“SENYÈ a va frape nou avèk abse Égypte yo, avèk timè e avèk kal sou po nou, ak gratèl, nan sila p ap gen gerizon yo.


Sa nou wè ak zè nou va fè nou vin fou nèt.


Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.


跟着我们:

广告


广告