Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 SENYÈ a va fè lapli tè nou an avèk poud e pousyè ki soti nan syèl la. Li va tonbe sou nou jiskaske nou fin detwi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Nan plas lapli, Senyè a va fè pousyè tè ak sab kouvri nou jouk nou mouri.

参见章节 复制




Detewonòm 28:24
8 交叉引用  

Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe.


Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo e konsonmen zèb sèch nan flanm nan, konsa rasin yo va vin tankou pouriti, e flè yo va vannen ale tankou pousyè; paske yo fin rejte lalwa SENYÈ dèzame yo, e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.


“Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt, jan Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe. Nou te tankou yon bout bwa byen cho ki te rache soti nan dife; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


Akoz sa, akoz nou menm syèl la te vin ralanti nan lawouze li, e latè te vin refize pwodwi fwi li.


Sinon, lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an.


“SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete.


Syèl sou tèt nou an va vin bwonz, epi tè anba pye nou an va vin fè.


跟着我们:

广告


广告