Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 28:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “Men li va vin rive ke si nou pa obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv tout kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ke mwen pase lòd bannou jodi a, ke tout malediksyon sa yo va vini sou nou, pou pran nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Men tou, si nou pa koute Senyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:

参见章节 复制




Detewonòm 28:15
31 交叉引用  

SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou.


Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an.


Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”


Epi Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’”


Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a.


“Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo,


Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.


Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’”


Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an,


Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.


Anplis, Mwen va pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.”’”


Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”


Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a;


SENYÈ a te acheve objektif Li; Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li te kòmande soti nan jou ansyen yo. Li te jete ba, Li pat fè pitye. Li te fè lènmi an rejwi sou ou. Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.


Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo. Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo. Mwen va bay yo chatiman, jan kongregasyon yo a te tande a.


Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè.


Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”


epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.


“Tout benediksyon sila yo va vini sou nou, epi yo va tonbe sou nou nèt, si nou tande vwa SENYÈ a, Bondye nou an.


“Konsa tout madichon sa yo va vini sou nou pou pran nou jiskaske nou fin detwi, akoz nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kenbe Kòmandman Li yo ak lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.


Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’


SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.


Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon.


Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an,


si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”


Nenpòt kote ke yo te ale, men SENYÈ a te kont yo pou mal, jan SENYÈ a te pale yo a, jan Li te sèmante a yo a. Konsa, vrèman yo te vin gen gwo pwoblem.


Konsa, Filisten yo te goumen e Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye.


跟着我们:

广告


广告