Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 26:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Senyè a, Bondye nou an, jan l te di l la.

参见章节 复制




Detewonòm 26:19
21 交叉引用  

Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.


Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen.


Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”


Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”. Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a, Yon Vil Ki Pa Abandone.”


Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’


Israël te sen a SENYÈ, premye a rekòlt Li a. Tout moun ki te manje de li va vin koupab. Se mal ki va rive yo,’” deklare SENYÈ a.”


Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”


Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.


Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.


Li va vin rive ke menm jan nou te yon madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”


Epi Moïse avèk ansyen Israël yo te bay lòd a pèp la. Li te di: “Kenbe tout kòmandman mwen kòmande nou jodi a yo.


“Alò, li va rive ke si yo obeyi avèk dilijans SENYÈ a, Bondye nou an, e fè atansyon pou fè tout kòmandman Li yo ke mwen kòmande nou jodi a, SENYÈ a va plase nou wo, pi wo pase tout lòt nasyon sou latè yo.


SENYÈ a va fè nou tèt olye de ke. Nou va anwo tou sèl, e nou p ap anba, si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ke mwen pase lòd bannou jodi a, pou nou swiv avèk atansyon,


“SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo.


Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


跟着我们:

广告


广告