Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 25:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Se poutèt sa, lè Senyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!

参见章节 复制




Detewonòm 25:19
22 交叉引用  

Yo te detwi retay Amalekit ki te chape yo e te rete la jis rive jodi a.


Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo.


Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.”


Li te di: “SENYÈ a te sèmante: SENYÈ a va fè lagè kont Amalèk de jenerasyon an jenerasyon.”


Konsa, Li te di: “Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.”


paske nou poko rive nan plas repo ak eritaj ke SENYÈ a ap bannou an.


kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.


“Konsa, li va rive ke lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj la, epi nou vin posede li pou viv ladann,


“Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo.


Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo, e efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’


Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.


Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj,


Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou.


Pou sa, fis Israël yo pa kapab kanpe devan lènmi yo. Yo vire do yo devan lènmi yo, paske yo te vin modi. Mwen p ap avèk nou ankò amwenske nou detwi bagay ki anba ve soti nan mitan nou yo.


Li te aji avèk kouraj; li te bat Amalekit yo, e li te delivre Israël soti nan men a sila ki te piyaje yo.


Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.


跟着我们:

广告


广告