13 “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti.
13 Nou pa gendwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon,
Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li.
Yon balans ki jis apatyen a Bondye; li veye sou tout pwa nan sak yo.
Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini pou nou ka vann sereyal la? Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a? N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo. Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,
Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti.