Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 24:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la. Akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Chonje nou menm tou nou te esklav nan peyi Lejip. Se Senyè a menm, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou swiv regleman sa a.

参见章节 复制




Detewonòm 24:18
8 交叉引用  

Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen.


“‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò.


Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.


Nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e nou va fè atansyon pou obsève tout lwa sa yo.


“Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti.


“Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo.


“Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.


Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti la avèk yon men pwisan, e ak bra Li ki lonje. Pou sa, SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou pou obsève jou Saba a.


跟着我们:

广告


广告