Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 24:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Se pou nou tounen l ba li lè solèy kouche, pou l ka mete l sou li lè l'ap dòmi. L'a genyen nou rekonesans, epi nou menm nou va fè yon bon zèv devan Senyè a, Bondye nou an.

参见章节 复制




Detewonòm 24:13
24 交叉引用  

Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.


Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.


Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè.


Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten, e gerizon ou va vòltije vit devan ou. Ladwati ou va ale devan ou, e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.


Oprime malere ak endijan, te fè vòl desepsyon an, pa remèt sa li pwomèt, epi te leve zye li a zidòl, te komèt abominasyon,


Ni oprime okenn moun, ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te fè, ni pa vòlè, men li bay pen li a moun grangou yo e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,


Si yon nonm pa oprime okenn moun, men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt, epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou e kouvri moun toutouni ak rad,


si yon nonm mechan vin remèt sa li te pwomèt pou bay, remèt sa li te pran nan vòlè, mache nan règleman ki bay lavi san ke li pa komèt inikite, li va anverite viv. Li p ap mouri.


Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”


Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl, sou vètman ki te pran kon garanti yo. Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan ki te bay pou peye amann yo.


“Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,


Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li.


Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.


Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.


Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.


跟着我们:

广告


广告