Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 23:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Piga okenn gason ni okenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.

参见章节 复制




Detewonòm 23:17
15 交叉引用  

Te gen osi gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.


Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo.


Retay a sadomit ki te rete nan jou papa li yo, Asa, li te fè ekzile yo sòti nan peyi a.


Osi, li te kraze kay mal pwostitiye sakre ki te lakay SENYÈ a, kote fanm t ap trese bagay yo kwoke pou Astarté yo.


Yo mouri nan jenès yo, e lavi yo vin pèdi pami pwostitiye tanp yo.


Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a, soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;


Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon, ni madanm nou yo lè yo fè adiltè. Paske, mesye yo, yo menm, ale sou kote ak pwostitiye yo, e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo. Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.


“‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, sòf ke peyi a menm ta tonbe nan pwostitisyon, e ranpli avèk tout kalite bagay lèd.


Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo


alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.


alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo.


epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo,


Pandan yo t ap fete, veye byen, mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”


跟着我们:

广告


广告