Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 21:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalònnen l wòch jouk yo touye l. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou pinga yo.

参见章节 复制




Detewonòm 21:21
21 交叉引用  

Yo te pran Absalom, yo te jete li nan yon gwo twou vid nan mitan forè a e te monte sou li yon gwo pil wòch. Epi tout Israël te sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.


Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.


“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.


“Ou va osi di a fis Israël yo: ‘Nenpòt moun nan fis Israël yo, oswa nan etranje ki rete an Israël yo ki bay nenpòt nan pitit li yo a Moloc, li va vrèman vin mete a lanmò. Pèp peyi a va lapide moun sa a avèk kout wòch.


“‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”


“Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch.


Anplis, sila ki blasfeme non a SENYÈ a va vrèman vin mete a lanmò. Tout asanble a va vrèman lapide li. Etranje oswa natif, lè li blasfeme Non Bondye, li va vin mete a lanmò.


Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.”


Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.


“Si nou tande de youn nan vil ke SENYÈ a ap bannou pou viv ladann yo,


Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.


“Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen),


alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.


Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.


Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’


alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. Konsa, nou va retire mal la pami nou.


alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou.


跟着我们:

广告


广告