Detewonòm 20:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 “Ofisye militè yo, osi, va pale avèk pèp la, e di: ‘Se kilès nan mesye yo ki te bati yon kay tounèf e ki poko etabli ladann? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kab mouri nan batay la, e yon lòt va vin etabli ladann. 参见章节1998 Haïtienne5 Apre sa, chèf yo va pale ak sòlda yo. Y'a di yo: — Eske gen yon moun la a ki fenk fin bati yon kay, men ki poko fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye? Si gen yon moun konsa, pito l'al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan goumen an, epi se yon lòt moun ki va fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye. 参见章节 |