10 “Lè nou pwoche yon vil pou goumen kont li, nou va ofri li kondisyon lapè.
10 Lè n'ap pwoche bò yon lavil pou n atake l, premye bagay n'a fè, n'a mande l pou l fè lapè ak nou.
Mwen kreye fwi a lèv yo: “Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo, ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: “Epi Mwen va geri yo.”
Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.
Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.
Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an.
“Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.”
“Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di:
Si li dakò pou fè lapè avèk nou e louvri pou nou; alò, tout pèp ki ladann yo va devni fòs travay kòve nou, e va sèvi nou.
Lè ofisye yo fin pale ak pèp la, yo va chwazi kòmandan lame yo kòm chèf an tèt pèp la.
Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: “Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?”
Epi tout kongregasyon an te voye pale avèk fis Benjamin ki te nan wòch Rimmon yo e te deklare lapè pou yo.