Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 16:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Senyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Senyè a va ban nou nan favè li.

参见章节 复制




Detewonòm 16:10
22 交叉引用  

Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.


Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo.


Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon ofrann bon volonte bay SENYÈ a.


Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.


Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a, pou L kite dèyè Li yon benediksyon, menm yon ofrann sereyal ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.


Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’”


“‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè.


Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an,


“‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.


“‘Osi, nan jou premye fwi yo, lè nou prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a nan fèt semèn yo, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.


Fè ranmase yon taks ki pou SENYÈ a sou gèrye ki te soti nan batay yo, youn nan chak senk san moun ke yo te pran an kaptif yo, nan bèf, nan bourik ak nan mouton;


taks SENYÈ a te sis-san-swasann-kenz (675);


Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.


Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l.


Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.


Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an.


“Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la.


跟着我们:

广告


广告