Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 15:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Tout premye pitit mal bèf nou osinon mouton nou va fè, n'a konsakre yo bay Bondye Senyè a. Piga nou janm fè premye ti towo bèf bèt nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn premye ti belye fenmèl mouton nou yo fè.

参见章节 复制




Detewonòm 15:19
18 交叉引用  

ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye.


“Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.”


Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.


Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li.


“Premye pòtre ki sòti nan tout vant se pou Mwen, e nan tout bèt mal ou yo, menm premye pòtre nan bèf yo ak mouton yo.


“‘Malgre sa, yon premye pòtre pami bèt yo, ki se kòm premye ne, se pou SENYÈ a, pèsòn pa pou konsakre li; kit se yon bèf, kit se yon mouton, se pou SENYÈ a.


Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson.


“Men premye ne a yon bèf oswa yon mouton, oswa premye ne a yon kabrit, ou pa pou peye ranson. Yo sen. Ou va flite san pa yo sou lotèl la, e ou va ofri grès yo nan lafimen kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.


Paske, tout premye ne se pa M yo ye. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye pou Mwen menm tout premye ne an Israël yo soti nan lòm pou rive nan bèt yo. Yo va pou Mwen; Mwen se SENYÈ a.”


Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.


alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.


“Nou pa gen dwa manje anndan pòtay nou yo ofrann dim ki sòti nan sereyal yo, ni premye ne nan twoupo ak nan bann mouton nou yo, ni okenn nan ofrann ve yo, ni ofrann bòn volonte nou yo, ni don ki sòti nan men nou yo.


Nou va manje nan prezans SENYÈ a, kote Li chwazi pou etabli non Li an, dim a sereyal nou, a diven nèf nou, a lwil nou, premye ne a twoupo nou ak bann mouton nou, pou nou kapab vin aprann krent SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan.


Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè.


Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an.


Nou va rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo.


anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo,


跟着我们:

广告


广告