Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 15:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 “Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Va toujou gen moun nan pèp Izrayèl la ki nan malsite. Se poutèt, sa m'ap mande nou aprann lonje men bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.

参见章节 复制




Detewonòm 15:11
17 交叉引用  

men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan oliv ou yo.


Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.


Rich la ak malere a mare ansanm; se SENYÈ a ki fè yo tout.


Li lonje men l vè pòv yo avèk sila ki gen bezwen an.


Si yon nonm pa oprime okenn moun, men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt, epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou e kouvri moun toutouni ak rad,


Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan.


Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.


Paske malere yo ap toujou la avèk nou, e nenpòt lè nou vle, nou kapab fè byen pou yo; men Mwen menm, M p ap la tout tan.


“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.


Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”


Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.


“Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a.


Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.


跟着我们:

广告


广告