Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 12:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Se pa konsa pou n aji ak Senyè a, Bondye nou an. Paske, Senyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!

参见章节 复制




Detewonòm 12:31
24 交叉引用  

Men li te mache nan chemen wa Israël yo. Li menm te fè fis li pase nan dife, tankou abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.


Moun Avva yo te fè Nibchaz avèk Tharthak; sila nan Sepharvaïm yo te brile pitit pa yo nan dife pou onore Adrammélec avèk Anamélec, dye a Sepharvaïm yo.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo.


Alò, li te pran pi gran fis li a ki te gen pou renye nan plas li, e li te ofri li kòm yon ofrann brile sou mi lan. Epi te vin gen lakòlè byen cho kont Israël, e yo te kite li pou retounen nan peyi pa yo.


Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo.


Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan.


Se te menm pwòp fi ak fis yo ke yo ofri kon sakrifis a dyab yo.


Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.


Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”


Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen.


Lè nou ofri ofrann nou yo, lè nou fè fis nou yo pase nan dife, nou ap souye tèt nou ak tout zidòl yo jis rive nan jou sa a. Epi èske nou ta dwe vin mande Mwen konsèy, O lakay Israël? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, Mwen p ap kite nou mande M anyen.


Konsa, Mwen va fè zak lèd ak zak pwostitisyon ke ou mennen sòti an Égypte yo vin sispann nan ou, pou ou pa leve zye ou bay yo, ni sonje Égypte ankò.’


“‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.


Pinga nou fè sa ki te fèt nan peyi Égypte kote nou te rete a, ni pinga nou fè sa ki fèt nan peyi Canaan kote Mwen ap mennen nou an. Pinga nou mache nan règleman pa yo.


“Ou va osi di a fis Israël yo: ‘Nenpòt moun nan fis Israël yo, oswa nan etranje ki rete an Israël yo ki bay nenpòt nan pitit li yo a Moloc, li va vrèman vin mete a lanmò. Pèp peyi a va lapide moun sa a avèk kout wòch.


Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo? Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo? Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay pou zak rebelyon mwen yo? Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?


veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo? Konsa, mwen va fè menm jan an?’


“Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an.


jis pou yo pa vin enstwi nou selon tout bagay abominab ke yo te fè pou dye pa yo, pou nou vin peche kont SENYÈ a, Bondye nou an.


“Pa di nan kè nou, lè SENYÈ a, Bondye nou an, fin chase yo deyò devan nou, ‘Se akoz ladwati mwen, SENYÈ a te mennen mwen antre pou posede peyi sa a.’ Paske se akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a ap fè yo deplase devan nou.


Se pa akoz ladwati nou, ni kè dwat nou, ki fè nou ap vin posede peyi a, men akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap chase yo devan nou, e pou konfime pawòl la ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob.


跟着我们:

广告


广告