Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”
SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo?
Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a.
Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.