Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Detewonòm 1:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Senyè a, Bondye nou an, ap mache alatèt nou. Li pral goumen pou nou menm jan nou te wè l fè l la nan peyi Lejip

参见章节 复制




Detewonòm 1:30
30 交叉引用  

Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.


Lè m te wè ke yo te pè, mwen te leve pale avèk gwo moun yo, chèf yo ak tout lòt moun yo: “Pa pè yo; sonje Senyè a gran e mèvèye. Goumen pou frè nou yo, fis nou yo, fi nou yo, madanm nou yo ak lakay nou yo.”


Nenpòt kote ke nou tande twonpèt la, vin rive kote nou la a. Bondye nou an va goumen pou nou.”


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


Alò SENYÈ a te di Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.”


SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”


Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”


‘Nou menm, nou te wè sa ke Mwen te fè Ejipsyen yo, jan Mwen te pote nou sou zèl èg yo, e te mennen nou kote Mwen menm.


Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?


Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an.


“Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo.


epi sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a;


Moïse te konvoke tout Israël e te di yo: “Nou te wè tout sa ke SENYÈ a te fè a Farawon nan peyi Égypte la e a tout sèvitè li yo avèk tout peyi li a;


Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm k ap goumen pou nou.’


Se SENYÈ a, Bondye nou menm nan, ki va travèse devan nou. Li va detwi nasyon sila yo devan nou e nou va deplase yo. Se Josué ki va travèse devan nou, jan SENYÈ a te pale a.


pou tout sign avèk mèvèy ke SENYÈ a te voye li fè nan peyi Égypte la kont Farawon, tout sèvitè li yo avèk tout teritwa li a,


Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou?


nou pa pou pè yo. Nou va byen sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte:


Pa t gen jou tankou sila a ni devan li, ni apre li, lè SENYÈ a te koute vwa a yon moun; paske SENYÈ a te goumen pou Israël.


Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël.


Konsa, nou te wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a tout nasyon sila yo akoz nou menm. Paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki t ap goumen pou nou an.


跟着我们:

广告


广告